Biyografi
Rebecca Jean Atis Otè-konpozitris Ekriven Rebecca Jean se yon atis ayisyèn ki fèt Kebèk. Li gen anpil talan nan plizyè domèn atistik, tankou ekriti, kreyasyon mizikal, teyat, sinema ak literati. Idantite li, ki melanje kilti ayisyen ak kilti kebekwa, reflete angajman li nan kominote a ak nan kesyon sosyal yo.Pandan karyè li, Rebecca Jean ekri chante pou plizyè atis, sitou atis ki te patisipe nan *Star Académie* ak *La Voix*. Talan li fè plizyè medya nan Kebèk ak aletranje enterese nan travay li, tankou Global News, CBC, RDI, Radio France Internationale, Mediapart, Madinin'art ak Chokarella. Avèk toune **Antidote** li a, Rebecca Jean monte sou anviwon 40 sèn, tankou Théâtre de Verdure nan Parc La Fontaine, Place des Arts ak Lion d'Or nan Monreyal. Albòm li a, *Antidote*, remakab pou fòs, senserite ak otantisite mesaj li yo. An 2025, Rebecca Jean antre tou nan domèn literati pou timoun avèk premye liv li, *Bébéka et Manana : Après la pluie, le beau temps*, ki parèt nan mezon edisyon Dominique et Compagnie. Liv la jwenn yon bèl akèy nan Salon du livre de Montréal ak Festival de littérature jeunesse de Montréal. Pami distenksyon li resevwa yo, genyen **pri Pi Bon Atis Fi nan Prestigious Haitian Music Awards 2024** nan Miami, ansanm ak yon Stylo d'honneur nan Prix littéraire Baobab 2025. Grasa sansiblite li ak kapasite li pou evalye travay atistik avèk anpil rigè, plizyè òganizasyon envite Rebecca Jean patisipe kòm manm jiri nan domèn mizik, literati ak sinema.Rebecca Jean se yon atis ki gen anpil talan e ki fyè de idantite li kòm yon *Ayibèkèz* (Haïbécoise). Li kontinye devlope yon vizyon kreyatif kote mizik, literati, idantite ak eritaj kiltirèl rankontre. Atravè travay li, li chèche rapwoche jenerasyon, kilti ak moun ki gen diferan fason panse, pandan li mete fòs ak dousè, jenès ak sajès ansanm.Sous : Sit entènèt ofisyèl Rebecca Jean — https://rebeccajean.ca/
Wa Savvy